top of page
Aragu Logo CREOLE.png
A photo of Jose Aragu in uniform

Pou yon Konte Miami-Dade la gen plis sekirite!

Rete ajou, rete enfòme 

Anrejistre emèl adrès ou pou ka toujou gen tout dènye enfòmasyon yo.

Mèsi pou soumèt!

Rankontre ARAGU

Se yon onè pou mwen sèvi kom Majò estasyon Distri Midwès Depatman Lapolis Miami-Dade, pou mwen adrese bezwen enpòtan konsènan sekirite piblik rezidan yo ak vizitè nou yo nan yon pèspektiv ki enpòtan anpil pou kominote a. Pandan 21 ane karyè mwen nan lapolis la, filozofi mwen te fokis plis sou travay avèk Kominote tradisyonèl e fe respekte lalwa.

 

Pandan tout lane mwen tap sèvi kominote a, mwen te pran dispozisyon pou ranfòse lyen ki genyen ant lapolis ak kominote konte Miami-Dade atravè pwogram Polis kominote, pwoaktif ak Tradisyonèl ki pote yon rediksyon enpòtan nan kèk krim ki enpòtan nan kominote a.

 

Mèsi paske w vizite sit entènèt mwen an pou w aprann plis sou mwen ak apwòch mwen sou zafe Sekirite Piblik ak Lalwa.

Yon foto Jose Aragu ak fanmi li

Promès mwen a kominote a 

Lekòl ak Sekirite Piblik

Yon cherif konsantre sou sekirite lekòl! Mete sekirite lekòl yo kom premye misyon nou ,pou nou toujou asire timoun nou yo an sekirite pandan yo lwen paran yo oswa gadyen yo. Premye priyorite chak lekòl se kenbe elèv yo ak anplwaye yo an sekirite. Men, nan yon monn kote menas sekirite yo ap vin pi souvan, nou bezwen poun toujou pare! Biwo Cherif la pral travay an patenarya ak komisyon konsèy Lekòl leta konte  Miami-Dade ak Depatman Lapolis lokal yo pou asire ke tout lekòl yo gen yon ofisye lapolis ladan yo pandan lè lekòl.. Okenn lekòl pap rete dèyè! Plan Sekirite Lekòl biwo Cherif la pral genyen ofisye polis nan lekòl charter ak lekòl prive ki gen patisipasyon opsyonèl. Anplis de sa, biwo Cherif la pral fè tou evalyasyon menas nan lekòl matènèl, sant komèsyal, ak kote moun rasanble sou demann pou ankouraje sekirite tout moun! Fanmi yo bezwen lapè ak trankilite paske yo konnen yo pral an sekirite nan kominote yap viv la.

Prevansyon & Entèvansyon

Lalwa kreye yon komisyon kont kim nan biwo Cherif la an patenarya ak lidè kominote a ak konte inik nan chak zòn distri lapolis pou enkli minisipalite lokal yo ak patisipasyon opsyonèl. Komisyon an pral travay an patenarya ak kolèj ak inivèsite lokal yo epi li pwal gen ladan yon kriminològ, sosyològ, sikològ, sikyat, ak yon travayè sosyal. Misyon yo pwal travay sou yon plan agresif, pwoactive, estratejik prevansyon krim pou efò deplwaman lapolis ki konsantre sou prevansyon ak entèvansyon krim pou mete moun ki san kay nan kriz mantal. Sa ki pi enpòtan, komisyon an pwal konsantre sou etid sosyolojik nan domèn espesifik krim vyolan pou elimine kòz ki jenere krim ak vyolans zam. Estrateji ranfòsman pou prevansyon yo pwal konsantre sou done krim, analiz, ak estatistik. Efò yo pral anfòm ak plan aksyon Peace & Prosperity eThrive305 Konte Miami-Dade pou kenbe lalwa ak lòd nan kominote nou an.

Byennèt ofisye yo, Sipò, ak Opòtinite

Biwo Cherif la pwal envesti nan byennèt, enklizyon, fòmasyon, devlopman, ak siksè anplwaye yo nan tout aspè. Nan tout modèl biznis, Si, anplwaye a kontan epi moral òganizasyon an wo, yo bay yon sèvis nivo siperyè pou atenn objektif nou.  Konsa, nou toujou mete KOMINOTE an PREMYE ak efikasite! Sa pwal kontinye ankouraje valè debaz nou yo nan entegrite, respè, sèvis, ak jistis nan ajans lan ak kominote a. Sa reyalize ak lidèchip transfòmasyon, otonòm, ak travay an ekip! Byennèt Ofisye Lapolis se pa yon pwogram; se yon desizyon ki kòmanse ak fason nou trete ofisye nou yo epi ki kòmanse ak lidèchip efikas.

Trafik

Sekirize wout nou yo! Mete sou plas yon ekip ekspè trafik nan biwo Cherif la pou travay avèk Enjenyè Trafik ak Travo Piblik nan konte Miami-Dade la pou asire fason efikas pou jere trafik la, amelyore eksperyans chofè yo kondwi pandan yap diminye enpak negatif trafik yo sou anviwònman an ak kalite lavi. pou mete plis ranfòsman sou kanpay edikasyon pou redwi aksidan trafik nan konte a. Travay an tet a tet ak gouvènman konte a ak lokal yo pou avanse teknoloji ki konsantre sou zouti prevansyon krim aktif tankou lektè Plak Lisans yo ap enstale sou tout gwo entèseksyon nan konte a (Lektè Plak Lisans yo itilize pou entèlijans kriminèl epi yo PA kamera limyè wouj) ak jere.yon bon sikilasyon pou asire wout nou yo an sekirite nan tout Konte Miami-Dade.

Transparans & Pwogrè

Rapò enfòmasyon semestriyèl soti nan Cherif la bay kominote a ak medya yo pou ankouraje transparans ak responsablite sou eta biwo Cherif la konsènan kominote a, krim, bidjè, ak nouvo inisyativ.

Chanje STATUS QUO

  • Estrateji polisye pwoaktif kont reyaktif ak enklizyon kominote a pou yon pi lavi miyò

  • Envesti nan pi bon patenarya ak angajman kominotè pou mete biznis lokal nou yo.

  • Ogmante sèvis patwouy inifòm nan kominote a.

  • Diminye tan datant pou ijans ak apèl ki pa ijans.

  • Bidjè ekilibre.

  • Lyezon pou konstwi pon atravè kominote yo ak edike sou krim rayisab, trafik moun, abi sou timoun, abi granmoun aje, ak dwa bèt.

  • Kreyasyon yon pwogram pwoteksyon solid pou viktim ak temwen ak ekspansyon pwogram defans viktim nan pou konstwi konfyans ak pi bon koperasyon ak biwo Cherif la.

  • Kreyasyon yon Asosyasyon Pwopriyetè Kay (HOA) ak gwoup travay fwod asirans pou vize fwod. Fo reklamasyon pou rezidans ak veyikil motorize yo lakòz pi gwo prim asirans pou tout rezidan Miami-Dade

Ede #AraguforSheriff mete Kominote a PREMYE epi ann bati konfyans ANSANM!

Ki jan ou ka ede?

Yon moun nan ekip nou an ap an kontak avèk ou. Mèsi pou sipò ou.

bottom of page